Daan Junior Kite'm Alé Скачать

Daan Junior Kite'm Alé

Daan Junior

Kite'm Alé

25 прослушиваний
04:59
Все треки Daan Junior Текст песни
Слушать
Скачать песню

Текст песни «Kite'm Alé»

Daan Junior

Nan wout la pou m ale
Chimen an long, m pa kwè m ap rive
M pa vle rete, lèse m ale
Pou m pa nan demagoji
Tank on bouji ki tou limen
Ou wè m ap m al mennen
W ap pilonen m
Sa kase, m pa vle dekonstonbre
Pito m ale, m pa vle rete

Mwen prefere pati
(Bagay yo vin two konplike)
Pa vle rete, lèse m ale
(Pou m pa nan demagoji)

Tout pawòl ou pale se brigandaj
Ou ban m tout move non ou konnen k egziste
Pou di m m pa gen mo, m pa gen nivo
Lanmou pa konn ni lwa, ni fwa
Se verite m k ap maltrete m
Ou pran nan twa wa san m pa konprann

Mwen prefere pati
(Bagay yo vin two konplike)
Lanmou pa ban m chans pou m wè aprè demen
(Lanmou pa konn ni lwa, ni fwa)

Jou pa mwen gen pou l vini
Se chans pa m ki poko rive
Twò ta bare w, men jounen an fini
Nuit la fèk koumanse

Kite m ale, wo-ouh-oh-oh
(Kite m ale)
Pa vle rete, lèse m ale
(Kite m ale)

Jou m leve, lannuit rive
M ap reflechi, m pa gen anvi
Mete m nan prizon san kondisyon
M pa gen libète m, m pa gen dwa pale
Ou pèd larezon pou yon wi, on non
Tout sa mwen di w, ou kwè m nan manti

Kite m ale
(Kite m ale)
Lanmou pa ban m chans pou m wè aprè demen
(Kite m ale)

Pa ban m presyon
Pa ban m presyon
Pa ban m presyon

(Kite m ale)
Kite m ale, m pa vle rete, souple
(Kite m ale)

Mwen imilye, m blese, m dekouraje
Ou ban m tout move non ke w konnen k egziste
M pa gen libète m, m pa gen dwa pale
(Mwen dekouraje)

Après plus de 4 ans, mwen pa menm ka konprann
Pouki ou pa t gen kouraj pou te di m verite
Pou m pa gen mo, pa gen nivo
(Mwen dekouraje)

Jou m leve, lannuit rive
M ap reflechi, m pa gen anvi
Mete m nan prizon sans kondisyon
Pa gen libète, m pa gen dwa pale
Pèd larezon pou yon wi, on non
Tout sa mwen di w, ou kwè m nan manti

Mwen prefere pati
(Kite m ale)
Kite m ale, m pa vle rete
(Kite m ale)

Mwen imilye, m blese, m dekouraje
Ou ban m tout move non ke w konnen k egziste
Pa gen libète, m pa gen dwa pale
(Mwen dekouraje)

Après plus de 4 ans, mwen pa menm ka konprann
Pouki w pa t gen kouraj pou te di m verite
Pou di m m pa gen mo, m pa gen nivo
(Mwen dekouraje)

Kite m ale
(Kite m ale)
Kite m ale
(Kite m ale)

Kite m ale
(Kite m ale)
Kite m ale
(Kite m ale)
Kite m ale, kite m ale
(Kite m ale)

Pa vle rete, pa vle rete
(Kite m ale)
M ale, m ale
(Kite m ale)
Kite m ale
(Kite m ale)

На странице доступен трек Kite'm Alé от Daan Junior (04:59). Слушайте онлайн или загрузите в mp3 в один клик бесплатно на свое устройство — выше есть текст песни.

Другие песни Daan Junior

Свежее на Muzfrog

Все новинки →